Atik sa-a se yon tradiksyon yon atik ki pibliye an franse nan jounal: "Le monde" le 4 me 2010, pa yon jounalis ki rele "Pierre Le Hir", Tit Atik la se: (Plusieurs régions du monde vivent sous la menace d'un séisme majeur)

Anpil rejyon nan lemond ape viv sou menas yon gwo tranbleman de tè

            Tranbleman de tè an nayiti pa yon eksepsyon. Pascal Bernard ak Jean-Pierre Vilotte, 2 chèchè nan laboratwa tranbleman de tè nan  (Institut de Physique du Globe de Paris) IPGP, ape pale an siyantifik ki abitye pran tansyon la Tè. Yo di si sekous 12 janvye-a fè anpil dega konsa, se paske li frape yon peyi ki frajil anpil nan fondman li (infrastructure), nan konstriksyon kay yo epi nan mwayen pou pote sekou yo.

            Pou sove la vi moun fòk gen yon sistèm alèt ki rapid. Li pa posib pou prevwa yon tranbleman de tè a kou tèm. Men  a mwayen e a lon tèm ake enfòmasyon ki pase deja, ak siveyans fay yo ki aktif yo nan yon zòn li posib pou prevwa yon tranbleman de tè san ou pa kapab di ki lè egzakteman lape rive.Yo kapab di nan tèl zòn kapab gen yon tranbleman de tè nan yon period done. Siyantifik yo genyen enstriman anba tè, anba lan mè ak nan syèl-la ki pèmèt yo obsève defòmasyon krout tèrès-la ak aktivite fay yo.Yo swiv wòch yo ak koray yo sou lan mè-a paske eleman sa yo gade tras ansyen mouvman sòl-la.

                O Zetazini, O Japon gen sistèm alèt ki kapab anonse yon tranbleman de tè  rapidman. Antre moman tranbleman de tè-a deklanche e moman dega yo prale komanse gen kèk segond ki ekoule, petèt menm kèk minit. Nan ti tan sa-a ou kapab rete yon tren ki tape woule, ou kapab koupe kouran elèktrik pou evite kay pran dife epi ou kapab sonnen lalam nan katye yo ki pi menase yo.

            Fòs tranbleman de tè an nayiti-a rive souvan lòt kote. 20 lane ki sot pase yo ou jwenn yon dizèn tranbleman de tè nan le mond ki gen fòs 7 e menm pi fò. O perou nan vil Arequipa an (jen 2001) nan sidès Lima (out 2007) epi nan zòn Sumatra (mas 2005) ou te jwenn tranbleman de tè fòs 8 ou plis. An desamb 2004 toujou nan zòn Sumatra yon tranbleman de tè ak yon Tsunami te depase fòs 9. Chèchè yo di gen apeprè 2 tranbleman de tè fòs 7 ki fèt chak ane nan zòn kote gen anpil moun. Tranbleman de tè fòs 6 gen plis pase 150 chak ane nan lemond.

             Yo konnen zòn yo ki pi arisk yo. Menm si gwo tranbleman de tè yo fèt a lenteryè plak yo, lwen separasyon yo, gen plis dega ki fèt nan zòn fay yo menm. Zòn kote 2 plak rankontre yo e ki prale kondwi a yon anfonsman yonn sou lòt lè enèji akimile yo libere, se zòn sa yo ki bay pi gwo tranblemen de tè yo, se fizisyen yo ki di sa. Peyi yo ki pwòch plak nan pasifk la tankou lè zetazini, lamerik santral ak amerik latin nan, lwès japon, taïwan, filipin lendonezi lapapouasie se peyi sa yo kape viv sou menas sa-a.

            Gen lòt rejyon nan mond-la ki kapab touche tou akòz lyen ki genyen antre lafrik, lerazi, epi lend – peyi yo ki nan mediterane-a Iran Pakistan afganistan e peyi lazi santral, nò lend ak lachin, ou jwenn tou peyi  ki nan zòn kote gen volkan yo nan antiy yo ak nan karayib la.

            Mouvmnan plak yo se yon mekanik konplèx, 2 chèchè yo di. Mouvman fay yo pa fonksyone menm jan tou patou. Genyen fay ki pa fè bwi pandan plisyè lane ou menm pandan dè syèk men lè yo antre an naksyon, yo fè pi plis dega.

            Vil yo kote gen anpil moun yo, fay nan rejyon sa yo sou sivèyans espesyal. Nou kapab pale de fay San Andreas ki menase Vil San Fransisko ak vil Los Angeles nan "Californie". Se yon fay ki konplike paske li rankontre 3 kote (jonction). Sistèm sa-a bloke depi 1957, sa fè moun yo nan zòn nan pè pou pa gen yon tranblemen de tè tankou sa ki te fèt an 1906 ki te rele "Big One", moun nan Californie pè bagay sa-a anpil. Risk yon tranbleman de tè ki depase fòs 7 nan deseni yo kape vini la-a rete trè elve.

            Nan peyi « Turquie » an 1999 2 tranbleman de tè te fè plis pase 30000 viktim, Vil « Istanbul » ape viv sou menas fay « nord-anatolienne » ki travèse peyi « Turquie » de lès a lwès. Yon sèl segman ki sitiye nan sid Istanbul pa te bouje nan 20ème syèk, men deja genyen yon chans sou 2, fay sa-a rantre an mouvman nan 30 lane yo kape vini la-a.

            Lòt peyi ki sou menas se Japon ki sitiye sou yon plak trè aktif. Tokyo ape tann tranbleman de tè ki kapab fè menm dega li te fè an 1923 142000 moun te mouri. Chili, Liban, lwès « la chine » menase tou.

            « La France li menm pa a labri. Risk-la modere yon fwa nan yon syèk. “Bouches-du-Rhône” te gen yon trableman de tè nan lane 1909 fòs li te touche 6,5. Men « Martinique ak Guadeloupe » risk la pi elve pase risk Ayiti-a. An 1839 ak 1843 te gen 2 gwo tranbleman de tè sa fè panse nou kapab pran yon tranbleman de tè fòs 8 ou 9.

            12 janvye se yon ti moso nan yon fay ki te sede, nan yon lane ou kelke dizèn lane Ayiti kapab genyen yon tranblemanb de tè ki pi fò, se expè yo ki di sa. Sa vle di lè rekontriksyon komanse fòk yo pran sa an konsiderasyon. Men eske Ayiti gen lè mwayen?

 

Marc Sévère 7 mai 2010