La tè an danje tout bon, rapò GIEC Groupe d’experts intergouvernementalo sur l’évolution du climat (GIEC) sot sòti yon rapò nan lane 2018, se yon rèl ki montre fòk gen yon bagay ki fèt pou sove planèt tè a tout swit. Rapò montre nou kòman tanperati ape ogmante twò rapidman. Depi revolisyon endistriyèl la, sa gen plis pase san tan, tanperati a ogmante plis pase 1 degre santigrad. E si sa kontinye kon sa, pou lane 2030 a 2050 li kapab ogmante de yon demi degre, ki vle di se 1.5 degre tanperati prale fè nou anvi vole gagè. Pou ale ki kote, nan la lin, nan planèt Mas? Yo tou di nou le mond prale chanje, la nati ape vin yon lòt jan e ekonomi yo pape kapab fonksyone menm jan an. Peyi devlope, pey sou devlope mo sa yo kapab pa vle di gran choz ankò. Tout pey kapab twouve yo nan yon sitiasyon pou yo ka siviv. Men sa ki prale rive, Anpil rejyon prale genyen gwo chalè. Nivo dlo lan mè a prale monte, sa kapab fè, gen nan tè kote anpil moun abite yo prale disparèt. Prale genyen plis la pli e gwo la pli, plis la pli, plis inondasyon. Siklòn prale miltiplye pa 10. Gen anpil zannimo ki prale gen gwo pwoblèm, yo kapab pa pase a travè gwo kriz sa a, yo kapab disparèt tou. Anpil pwason ape an danje paske dlo lan mè a prale genyen twòp asid a koz CO2 nape lage nan atmosfè a. Pwodiksyon diri, pwa, mayi, ble prale diminye anpil. Men kèk konsekans si rechofman klima kontinye nan ritm nou ye kou nou yè a li prale rive nan 1.5 degre santigrad ki prale mennen nan yon gwo katastròf pou limanite. La fen di mond an dous. Dapwe GIEC la se lòm ki responsab dezas sa a ki menase nou an. Lòm konsome twòp enèji epi yo konsome twòp tou, sa fè twòp gaspiyaj byen natirèl yo ki dwe asire byenèt nou e mentni systèm ekolojik la kòrèkteman. Nou pwodwi anpil gaz a efè de sè. Se gaz sa yo ki la kòz atmosfè a vin pi cho e dlo yo nan lan mè a vin pi cho tou. Rechofman sa a vin pwodwi yon debalansman nan atmosfè a ki mennen nou nan yon lòt fenomèn nou ka rele chanjman klima a. Pas ke nou konstate zòn ki konn cho vin konnen frèt e zòn ki jeneralman fè frèt konn vin cho. Ki sa ki pwodwi gaz a efè de sè a? Gen anpil pwodwi, gen pwè de 40 ki kontribye a pwodwi gaz a efè de sè. Ou gen vapè dlo, dyoxid de kabòn, metàn, ozòn, azòt, gen lòt men nou pape site tout. Efè de sè a se yon fenomèn natirèl. Se li ki kontrole tanperati sou planèt la li fòme yon kouvèti ki fè la tè pa fè twò frèt. Li te toujou egziste e se li ki pèmèt nou viv nan bon kondisyon. Men kon nou yè a aktivite lezòm, nou lage tèlman vye gaz nan lè a, efè de sè a twòp pou planèt la e li kòmanse fè cho anpil. Fòk nou pran dè mezi pou chalè pa ogmante. Sinon pèsonn pape kapab viv sou tè a ankò. Se pou sa GIEC mande tout moun, tout gouvènman, tout kominote pou fè yon jefò tou swit pou fwennen rechofman planèt la. An nayiti nou gen tandans pou nou di nou pa rèsponsab rechofman, paske se pa nou kape polye planèt la. Se vre, nou pa gen gwo izin, nou pa gen kantite machin lòt peyi yo genyen. Men Ayiti patisipe nan polisyon planèt la de plizyè fason. Ayiti se yon peyi cho, chalè a fè nou gen anpil vapè dlo ki konstitye nan lè a pou bay efè de sè a. Ayiti pwodwi plizyè milyon tòn vapè dlo chak ane. Men si nou sispann koupe pye bwa, anplis si nou fè jefò pou nou plante plis pye bwa, nou prale genyen plis frechè. Nou prale pwodwi mwens gaz a efè de sè. Nou gen anpil vwati kape sikile nan lari a, anpil motosiklèt, tout anjen sa yo pwodwi gaz kabonik ki ranfòse efè de sè a. Chak vwati pwodwi 6 tòn CO2 (gaz kabonik) chak ane. Nou gen anpil fatra nan la ri yo e ki pa trete, lè fatra sa yo dekonpoze, yo pwodwi yon gaz ki rele gaz metàn ki bay efè de sè a tou. Answit nou gen gaz fliyò, sa yo nou pa pwodwi yo, men nou itilize yo anpil. Gaz sa a nan frijidè yo, li nan klimatizè yo, li nan ti ponp aerosòl yo ki pèmèt nou mete bon ti pafen sou nou. Fòk nou pa bliye chabon bwa nape boule chak jou bondye mete pou nou kapab kwit manje. Anplis la fimen chabon an pa bon pou sante nou, men li fè anpil dega tou nan atmosfè a. Paske li pwodwi CO2 (gaz kabonik) ki ale ranfòse gaz a efè de sè a. Tout pwodwi sa yo fè tanperati a monte menm si se yon demi degre. Nape kontribiye seryezman nan konstriksyon efè de sè a. Konsekans, Ayiti ape vin pi cho, siklòn renmen chalè, yo kapab vizite nou pi souvan. Kou nou yè a nou rive nan yon moman tout moun kapab pote kontribisyon pou anpeche tanperati a monte twòp. Si nou kite tanperati a ogmante de 2 degre, la vi sou tè a pap posib ankò. Pèsonn pa dwe di bagay sa a yo rele efè de sè a, sa pa regadem. Lè kriz la komanse, se tout moun ki prale peye konsekans la. Lè chalè ape monte, nou pape menm kapab twouve yon ti dlo fre pou nou bwè. Lè nape rèspire a prale vin anpwazone. Pye kout pran devan. Se sa ki fè GIEC la mande pou tout moun, tout gouvènman, tout kominote, tout kompayi, tout vil... kòmanse aji tou swit pou sa pa rive. Nou menm Ayisyen nou fin detwi nasyon nou, an nou wè si nou kapab evite detwi peyi nou. Marc Sévère Octobre 2018 |