Atik pibliye an kreyòl pou sansibilize Ayisyen sou kesyon anviwònman-an

La Tè bèl ti planèt nou-an

 

Jodi-a, si nou baze nou sou kote konesans lòm rive, nou mèt di, nou gen anpil chans nou la. Pa gen de planèt tankou la tè. Gwo siyantifik yo fè anpil rechèch nan domèn astronomi pou yo konprann sa kap pase nan linivè. Yo voye nan lèspas fize ki kapab rive lwen e ki kapab voye enfòmasyon bayo tou. Genyen gwo telèskop nan syèl la tou ki ap obsève mouvman étwal yo ak planèt yo. Yo pa jwenn anyen ki di gen lòt planèt ki tankou latè, ki gen la vi nan yo tou.

Sa vle di tout sa nou ape gade yo la, nap pale de tou sa nou kapab wè ak je nou e ak lòt aparèy nou voye nan syèl la, se yon bann objè san vi yo ye. Se yon bann wòch ki nan yo ou kapab pwan planèt Mas, kom egzanp, se gaz ki nan yo tankou planèt Jipitè, gen sa menm se dife yoye tankou Solèy la. Yo pa gen sa ki pi enpòtan-an tankou dlo.  Dlo se sa ki bay la vi. Le jou lòm ta dekouvri yon planèt ki gen dlo ladan li, e byen tout rechèch lòm prale dirije sou planèt sa-a, paske yo deja konnen rezilta yo prale twouve. Yo atann yo, planèt sa-a kapab gen la vi ladan li. Se ta va pi bèl dekouvèt lòm ta kapab fè.

 

Eske nou konnen ki sa sa vle di ? Mwen pa kwè nou konnen vre. E byen sa vle di, se nou sèl nan linivè ki konsyan le mond egziste. Si la tè disparèt, le mond ap sanse disparèt tou. Pap genyen okenn lespri ki pou panse li egziste. Sa se yon gwo pwoblèm filozofik tou lòm pa fin kapab rezoud. Paske anpil moun kwè se lèspri ki kreye la matyè e anpil lòt moun kwè san la matyè pa ka gen lespri. Nou pap rete chita sou kessyon sa-a, men nou espere sa va fè anpil moun reflechi.

 

Ki sa la tè reprezante kounou yè-a nan linivè ? Lè nou di kounou yè-a, nou vle pale degre konèsans lòm nan moman sa-a. Si nou pran tout lamerik di nò, la tè reprezante yon ti tèt epeng.  Si yon moun vle chèche la tè nan ti pati linivè nou konnen-an, li prale chèche anpil. Li kapab pa janm twouve li, paske se plizyè milya planèt li gen devan li. Planèt ki pi lwen-an, nou wè-a, si nou ta vle voye yon moun ladan li, fòk astronòt sa-a ta kapab viv 80 milyon lane anvan li ta kapab rive. Lè li rive li prale wè ak teleskop li lòt planèt ki pi lwen toujou, fok li ta kapab viv 80 milyon lot lane pou li ka touche yo. Sèl bagay, nou ta va espere, li wè yonn ki tankou la tè, ki gen la vi ladann.

Pa bliye 22 avril se jounen la tè, se yon fwa nan yon ane nou fete fèt li, men mwen kwè se chak jou pou nou ta panse a la tè. Se byen ki plis presye nou genyen. San li nou pa kapab egziste. Egoyis an nou fè nou paka panse jan nou ta dwe panse. Nan tout sitiasyon nou toujou wè tèt nou anvan tout lòt bagay. Nou kreye kriz sou kriz, sa pa di nou anyen. Nou kontinye nan kraze brize-a, kom si la vi-a se konsa li dwe ye.  Nap plenyen pou mizè, pou maladi, pou lignorans yon moun ou byen plizyè moun, le jou la tè ap ban nou pwoblèm nap bliye tout sa-yo, pou nou rele anmwe sekou,  mwen espere li pap twò ta.

Sove la tè se jodi-a menm pou nou konmanse e se chak jou pou nou poze jès nan sans sa-a si nou vle la tè viv pi lontan.

Par Marc Sévère
14 avril 2009
Atik sa-a, se kontribisyon nou nan devlopman lang kreyòl-la