Atik pibliye an kreyòl pou sansibilize Ayisyen sou kesyon anviwònman-an

KOPENNAG se yon konferans kape fèt nan mwa desanb 2009 nan peyi (Danemark)

Pouki sa Kopennag ? (Copenhague)

Kopennag se konferans ki pi enpòtan ki genyen sou chanjman klimatik-la, apre konferans ki te genyen an fevriye 2005 nan vil Kyoto nan Japon, ki rele pwotokòl de Kyoto.

1979 se premye lane kote plizyè peyi te fè yon chita pale sou zafè chanjman klimatik-la. Rankont sa-a te fèt nan vil (Genève) nan peyi Laswis. Se la yo te premye pale de  pwoblèm sa yo rele chanjman klimatik-la. Se la tou, yo te vin konstate, ki sa ki la kòz : Moun yo ki te la-a te di, se aktivite, lè zòm ape fè yo, ki te koz pwoblèm sa-a. Se gwo izin kape pouse lafimen, se vwati kape boule gazolin, se pyebwa nape koupe, se pwodwi chimik nou itilize nan agrikilti, se sa yo ki prensipal kòz-la. Yo tou di danje sa  reprezante pou planèt nou-an e ki kote lape mennen nou.

Apre konferans sa-a, yo soti ak yon plan pou yo kòmanse lite tou swit kont chanjman klimatik-la. Yo fè yon deklarasyon piblik ki montre danje-a e yo mande gouvèneman plizyè peyi pou yo pran dispozisyon pou anpeche sa kontinye. Patisipan yo te kreye 3 gwoup ki dwe panche sou pwoblèm chanjman klimatik tou tan. Depi lè sa-a gen plizyè konferans ki fèt nan plizyè peyi pou reflechi sou pwoblèm-nan, men tou pou chèche solisyon. Nape site sa yo ki pi enpòtan yo : nan vil (Vienne) lane 1985, yo reyini pou pale de pwotèksyon kouch dozòn-nan. An 1988 yo mete sou pye yon premye group ki gen ladann plizyè èxpè, li te gen non GIEC(Groupe d’Experts Intergouvernemental sur l’évolution du climat).  Group sa-a prezante plizyè rapò e li òganize plizyè konferans tou nan diferan peyi. An desanb 1990, anpil peyi rankontre nan vil (Genève) pou yon dezyèm konferans sou chanjman klimatik-la. An 1997, 180 peyi te rankontre nan vil Tokyo pou yon twazyèm konferans. Tokyo nou kapab di te gen yon priz de konsyans ki te fèt, le mond antye dakò sou pwoblèm chanjman klimatik-la e yo dispoze fè yon jefò pou twouve yon solisyon. Yo soti ak yon akò ki te rele Pwotokòl de Tokyo. Pwotokòl sa-a te mande peyi endistriyalize yo pou yo kapab redwi emisyon gaz a efè de sè lakay yo. Yo tout pate dakò, yo twouve pwoblèm-nan te mal poze. Yo te mande pou Lachin ak Lend te konsène tou. Lèzetazini te absan, Larisi pa te siyen li. Men lè, lè-a te rive pou akò sa-a te rantre an naktivite, 55 peyi te siyen li. Anpil moun te di se yon gran siksè li te ye, li te montre chemen pou yo ale pi lwen. Se kon sa Kopennag te vin yon altènativ tout bon vre pou yo kapab pale pi seryezman sou pwoblèm anviwònman-an.Tout moun konsyan de danje-a.

Depi 7 desanb jiska 18 desanb, 193 peyi prale rankontre nan vil Kopennag nan peyi (Danemark) pou yo pale de chanjman klimatik. Yo vle twouve yon chemen ki kapab pèmèt yo redwi emisyon gaz a efè de sè-a. Gen plis volonte kounou yè-a pou yo soti ak yon akò ki ka ralye plis peyi e ki kapab pote yon pi gran èspwa pou sove planèt nou-an. Chans sa-a nou pa dwe kite li pase.

 

Marc Sévère 14 Novembre 2009

 

.
Par Marc Sévère