Atik pibliye an kreyòl pou sansibilize Ayisyen sou pwoblèm anviwònman-an |
||
Klima-a ape vin pi cho, sa se yon gwo danje pou la vi sou la tè
|
Nan sièk sa-a nou
ape viv la-a, sa ki pi enpòtan pou lòm se kontwole GES yo (Gaz à Effet de
Serre). Yon moun pa dwe ape viv kounou yè-a pou pa eseye konnen sa bagay sa yo
vle di. Pou ki sa ? Paske ignorans nou, kapab kondwi nou, yon kote kape fè
nou detwi pròp tèt nou. Chak ane nou
lache nan atmosfè-a pi plis gaz a efè de sè (GES). Ki sa ki rive lè nou fè sa ?
nape brize yon ekilib ki egziste nan la nati, kouch gaz ki kouvri la tè-a
ogmante. Sa vle di gen mwens chalè ki ale nan lèspas. Lè la tè ape vin pi cho, konsekans yo pa piti.
An nou eseye wè ki sa efè de sè ye ? Efè de sè-a se pa lòm ki envente li,
se yon fenomèn natirèl li ye. Planèt nou an beswen li pou la vi kapab kontinye
egziste. Efè de sè-a se yon kouch gaz ki kouvri la tè e ki fè tout chalè-a pa
kapab ale nan lèspas, li pèmèt tanperati-a rete nan yon degre ki fè la vi kapab
kontinye la. Tout chalè la tè
genyen-an se solèy-la ki bay li. Men la tè pa gade tout chalè sa-a, li renvwaye
yon pati nan lèspas e li gade yon pati. Pati li gade-a se gras a efè de sè-a ki
pèmèt li gade pati sa-a. Se sa ki fè
tanperati mwayèn la tè ape tounen tou tan otou de 15 degre santigrad. Si efè de
sè-a pa te genbe ti chalè sa-a. Tanperati mwayèn la tè tape tounen otou de -18
degre santigrad. La vi jan li ye la-a pa tap posib ak kalite tanperati konsa.
Planèt Mas pa gen efè de sè. Chalè, solèy la voye sou li pa sèvi li anyen, se sa
ki fè tanperati mwayèn li se tou tan -50 degre santigrad li ye. Pa kapab gen la
vi nan kondisyon konsa. Nap note pou lèktè yo : la Tè pi pre soley-la, Mas
pi lwen, planèt ki pi pre yo resevwa plis chalè. Se sa ki explike tou sezon yo,
lè la Tè pi pre solèy la, li fè pi cho, se lete. Fenomèn natirèl
sa-a kenbe yo ekilib ki pèmèt la vi devlope. Men tou, si ekilib sa-a brize, sa
reprezante yon gwo danje. Koman ekilib sa-a kapab brize ? e ben, se lè nou
pa kapab kontwole kantite gaz nape lage nan atmosfè-a. Gaz sa yo rele Gaz a efè
de sè (GES), se yo ki prale detwi ekilib sa-a. Lè tout gaz sa yo ale konsantre
nan atmosfè, efè de sè vin ranfòse, li kapab gade plis chalè sou la tè. Planèt
Venus se yon egzanp, planèt sa-a tèlman gen gaz kabonik nan atmosfè li,
tanperati mwayèn li tounen otou de 450
degre santigrad. Nou wè sa sa vle di si nou kontinye ape lage gaz a efè de sè
nan atmosfè-a. Pare pa pare lantèman pou 4 è, tout moun prale nan lanfè. Gaz a efè de sè
(GES) yo nou pi konnen yo se ; nou gen vapè dlo, li menm se chalè ki fè
dlo evapore li tounen gaz ; nou gen
gaz kabonik, sa-a li menm se petròl, se chabon ki plis pwodwi yo ; nou gen
azot se pwodwi chimik yo itilize nan agrikilti ki lage gaz sa yo ; nou gen
gaz metan yo itilize pou pwodwi petròl, chabon tou, nou gen gaz fluò yo nou
jwenn yo nan frijidè, e nan aparey pou flite yo. Gen lòt toujou. La tè komanse ape
vin pi cho depi sa yo rele
« Révolution industrielle » -la komanse, nan lane 1750 yo. Nan 21è sièk sa-a, yo prevwa rechofman-an
kapab akselere. Deja nou wè
nan latik glas yo fonn pi vit, nan karayib la, lan mè-a ape pran plis plas. Gen
de peyi yo di chak moun pwodwi 10 tòn gaz kabonik chak ane tèlman yo ape
konsome nètalkole. Gen lòt moun menm depi yo
kapab fè lajan yo pa bezwen konnen sa ki
prale rive denmen, yo polye san gade dèyè. Li pa trò ta si
nou chanje konpòtman nou e si nou pa vle kontinye ape viv ak je nou fèmen, tout
bagay posib, nou kapab sove planèt-la. Marc Sévère 28
septembre 2009 Par Marc Sévère
| Atik sa yo nou pibliye yo an kreyòl, se kontribisyon pa nou nan devlopman lang kreyòl la |