Karakòl : Siksè ekonomik ou byen katastròf ekolojik? Depi kèlke tan, nou tande yape pale de Pak endistriyel nan zòn Karakol. Gen anpil rechèch ki fèt, gen anpil atik nan jounal yo ekri e gouvèneman peyi dayiti fè anpil piblisite tou kom si karakòl te deja reyisi. Men sa nou remake, moun yo ki konsène yo, yo pa te okouran ditou. Se le gwo konpayi rive ak gwo traktè yo, yo kòmanse ape koupe pye bwa, yo ape mezire teren, moun yo nan zòn nan ape mande ki sa ki pral genyen. Menm otorite nan zòn nan paka di anyen paske yo pate konnen tou. Tout moun se rete gade. Nan fen lane 2010, gouvèneman ayisyen ak gouvèneman ameriken siyen yon akò pou reyalize pwojè sa-a nan Karakòl nan kad yon lwa ameriken ki rele (HOPE). Li sanble otorite ayisyen pa te janm konsilte pèsonn nan zòn nan pou konnen ki sa yo panse de pwojè sa-a. Jis kon nou yè-a, pèsonn pa konnen pou ki sa yo te choizi zòn sa-a pou mete pak endistriyel la. Men sa nou kapab di e ki klè, ni kote ayisyen, ni kote ameriken, ni BID (Banque interaméricaine de développement) ki yon patnè tou, rezon yo ki fè yo plis choisi zòn sa-a, se rezon ekonomik sitou. Envestisè yo kapab wè fasilite, di fèt yo pwòch mache ameriken-an, an menm tan tou yo pwòch ladomikani ki kapab bayo sipò teknik yo pap twouve an nayiti. Gouvèneman ayisyen, bò kote pa li kapab wè posibilite pou mete travay nan peyi-a, an menm tan yo tou di yo ape fè desantralizasyon. Ayiti bezwen sa tou. Nan moman nou ape pale la, travay yo ape avanse seriezman. Yo komanse ape anboche moun pou ale travay nan izin yo. Anpil travayè deja gen anpil espwa pou yo kapab twouve yon jòb. Dapre sa yo di 2000 moun deja voye mande pou yo jwenn yon pòs. Envestisè yo pwomet pou yo kreye 20.000 jòb tou swit , apre sa, yo prale kreye 60.000 lòt jòb. An nou di, se sa Ayiti bezwen. Se sa ki explike prezidan peyi ape kouri mache kriye tou patou pou li di « Ayiti ape dekole ». A la bèl sa ta bèl si sete vre. Yon lòt bò, gen anpil rèl pou di « woy! se peyi-a ki prale detwi ak pak enditriyel sa-a ». Paske pwoje sa-a pa janm teni kont de kessyon anvironman-an. Gen ti jefò ki fèt nan sans sa-a men se pa sifizan. Rechèch yo montre konsekans ki pral genyen sou anviwonman-an lè izin sa yo komanse ape fonksyone. Premye bagay yo wè, lè izin sa yo komanse ape itilize pwodwi chimik pou kolore twal yo, yo prale lage dechè yo nan lan mè-a. Bagay sa yo prale detwi mangrov yo. Mangrov yo stabilize klima zòn nan, anpil zwezo vini la e an plis, zòn nan pwodwi anpil pwason tou. Answit, yo prale pwodwi elektrisite ak mazout, mazout la prale pwodwi dechè toksik, ki kote yo prale lage dechè sa yo? Eske se nan lan mè-a? Si se sa yo fè, yo prale detwi sistèm ekolojik rejyon-an nèt. Lòt konsekans, Yo prale blije ponpe 6.000 mèt kib dlo chak jou pou bezwen izin yo. Ayiti dlo-a se anba tè li ye, se yon resèv ki pa renouvle vit sitou si pa gen la pli, sa prale mete an danje resous sa-a. Yo dènye pwen se bidonvil ki prale parèt nan zòn nan. Anpil moun prale dirije yo kote Karakòl pou yo kapab twouve yon ti jòb. Lè sa-a fòk yo jwenn kay pou yo rete, yo prale bati kay yo ak moso katon, moso bwa pou yo kapab pare lapli. Ou deja wè ki sa sa prale bay kom rezilta. Kay sou kay, moun sou moun, sa ape bay yon lot site soley. Si nou gade dèyè, nou prale wè zòn sa-a te deja yon zòn endistriyèl. Sa pa gen lontan, te gen yon gwo konpayi ki te rele « La Plantation Dauphin » ki te enstale non zòn Nòdès la. Li te fè kilti sizal e li te pwodui pit. Li te èxpòte pwodui sa-a nan peyi etazini. Nan epòk sa-a, te gen anpil travayè ki tape travay la. Anpil nan yo te nan chan e anpil lòt te nan izin yo ki te Phaëton ak Dérac. Tou sa te fè ekonomi rejyon byen. 2 fwa pa senmenn, te gen gran mache, machann soti tou patou nan peyi-a vin vann. Lajan tape sikile. Men yon lòt bò, anviwonman-an te kòmanse ape degrade. Anpil bidonvil te parèt e nan move kondisyon. Kay pay, kay tè, kay tòl, kay katon monte yonn sou lòt. Answit plant sisal yo pa te fin bon pou tè agrikòl yo nan zòn nan. Pwodwi chimik yo, yo te itilize pou netwaye e transfòme pit la yo jete tout dechè sa yo nan lan mè-a. Fòk nou remake nan moman sa-a, yo pa te konn pale tròp de pwoblèm anviwonman. Nan lane sa yo se te mizè tout moun te wè, ki te veritab pwoblèm nan. Tout moun te kwè pou konbat la mizè, solisyon-an se devlopman ekonomik. Se sa ki fè te gen yon bann peyi ki lage kò yo nan devlopman kraze brize san yo pa chèche konnen konsekans yo. Ayiti se te yonn nan yo. Kapitalis la te fè tout moun kwè tou, depi gen lajan yon kote, tout bagay OKE. Pa te gen anpil moun nan lemonn ki te bezwen konnen dlo yape bwè-a ki kote li soti, ni si yo dwe pwoteje li. Pa te gen anpil moun ki tape chèche konnen lè-a yo ape rèspire-a si yo dwe pwoteje li. Men lè konpayi Plantation Dauphin disparèt, pwoblèm yo vin pi grav. Non sèlman la mizè vin pi di, pwoblèm anviwonman vin parèt tou. Nan pwen tè pou fè lagrikilti. Twouve yon gode dlo pate fasil. Zòn nan vin tounen yon dezè. Jodi-a, nan lane 2012, tout bagay sa yo dwe sèvi nou de leson. Si Ayisyen konprann se voye monte san reflechi, san gade dèyè, e byen nou prale pedi peyi sa-a. Èske Ayiti kapab di li pa bezwen yon Pak endistriyèl? Ayiti pa kapab pedi chans sa-a e zòn nò-a non plis. Gen lòt kote ki pa konnen ki sa yo ta bay pou yo jwenn yon pak endistriyèl. 20.000 anplwa se pa yon jwèt, ake yon pèspèktiv de 60.000 nan 5, 10 zan. Ayisyen dwe kon nou yè-a aprann e kapab konn defann enterè yo, nou vle di enterè payi dayiti. Se yon okazyon pou nou montre Ayiti se yon peyi e li gen moun pou defann li. Sispann wè enterè pèsonèl nou kan nou dwe defann peyi nou.Nou pa dwe pedi chans sa-a. Fok nou goumen pou pak endistriyèl pa chape anba men nou. Nou kapab rezoud pwoblèm anviwonman yo si nou renmen peyi nou. Renmen peyi nou pa vle di mache repete tou tan "Ayiti cheri". Non, se lè nou goumen pou ayisyen ki ape viv nan peyi-a viv nan bon kondisyon: yo kapab jwenn travay, yo jwenn lekol, yo jwenn kay pou yo rete, yo jwenn swen sante... Popilasyon-an dwe mobilize pou fè leta ayisyen pran responsabilite li. Pak endistriyèl la pa kapab fèt nan nenpòt ki kondisyon. Pwoblèm anviwònman-an se enpòtan, nou pa kapab ignore li. Anpil rechèch deja fèt pou zòn Karakòl la. Fòk yo mete an naplikasyon tout rekòmnadasyon yo. Leta prale di li pa gen kòb, se vre leta kapab pa gen ase lajan pou fè sa ki dwe fèt. Men leta kapab fè sa pa, konpayi dwe fè pa yo tou e polilasyon-an li menm tou dwe pote kontribisyon kina li tou. Gen anpil bagay ki dwe fèt pou sove anviwònman-an. Fòk yo mete izin pou fè resiklaj nan zòn nan ou pi lwen. Fòk yo mande konpayi yo pou yo desale dlo lan mè-a pou sèten izaj olye ke yo ponpe dlo anba tè-a ki kapab sèvi pou konsomasyon moun yo. Izin yo kapab itilize le mwens posib mazout la pou pwodwi elèktrisite, gen lòt fòm enèji; solèy, eolyen. Kòm BID (Banque Interaméricaine de développement) pwomèt pou li bati bèl kay pou travayè yo. Leta ayisyen dwe panse a yon plan ibanis pou zòn nan ak la ri byen trase, sistèm egou, distribisyon dlo, limyè... e menm mete sou pye yon plan imigrasyon pou evite yon debòdeman popilasyon. Konpayi dwe peye yon tax pou anviwònman. Tout konpayi ki pa vle aksepte kondisyon leta pou pwoteje anviwònman-an pa gen plas li nan Karakòl. Pou sansibilize e edike moun yo nan zòn nan sou kessyon anviwònman-an, tout travayè dwe peye yon tax sou chak pèy, menm si se 5 goud pa pèy. Nou mèt di Karakòl posib e li kapab yon siksè ekonomik ki kapab sèvi yon model de devlopman pou tout lòt rejyon nan peyi-a ki ta vle gen yon pak endistriyèl. Se leta ayisyen ki pou pran rèsponsabilite li pou pwoteje anviwònman peyi-a, pwoteje travayè yo pou yo gen bon kondisyon de travay e sitou pran mezi ki nesesè pou demen nou pa di si nou te konnen. Marc Sévère 8 avril 2012 |