Atik pibliye an kreyol pou sansibilize Ayisyen sou kesyon anviwònman-an

Anmwe, Sekou

 

         GIEC (Groupe Intergouvernemental d’experts sur l’évolution climatique) Fink sòti yon rapò sou chanjman klima-a. Rapò sa-a se yon rèl. Se dènye rèl la. La tè an danje tout bon vre. Nou blije mande, eske li pa trò ta ? Dapwe rapò-a, rechofman planèt tè-a se pa yon kòchma lesom ap fè, se yon reyalite. Rapò-a di bagay yo grav, grav, grav. E jan expè yo explike sitiasyon-an, se konm si yo tap rele: anmwe, Sekou.
         Objèktif rapò-a, sete wè si gouvènman plizyè peyi ta kapab mete dlo nan divan yo pou yo pran pwoblèm rechofman klima o serye e an menm tan chèche solisyon pou rezoud pwoblèm sa-a.

- Dapwe rapò sa-a, se aktivite lezòm ki premye rèsponsable rechofman planèt la. - Rechofman planèt la prale ogmante de 4,8 centigrades disi fen syèk sa-a. Nan yon sitiasyon konsa, nan 2 syèk Ayiti pral tounen yon gwo babekyou (BBQ.
- Prale genyen plis siklòn, plis tònad, plis inondasyon plis chalè, plis sechrès. Pou Ayiti, dezas ekonomik plis dezas ekolojik, nou mèt di, bliye sa.
- Nivo dlo nan lan mè-a prale ogmante anviron 82 santimèt disi fen syèk sa-a. Sa vle di, anpil vil nan kot yo prale inonde e petèt noye. Nan karayib la plizyè zile prale tou senpleman disparèt ak tout moun ki nan yo.
-         Emisyon gaz a efè de sè-a prale kontinye ape ogmante pandan plizyè syèk.
Dapwe expè yo emisyon CO2 nan atmosfè-a pa dwe depase 1000 jigatòn, ò lòm déjà lage plis pase 530 jigatòn. Tou sa paske moun nan sosyete konsomasyon-an pa tande yo pa wè se pou yo kontinye ape konsome jan yo te abitye konsome avan. Se an amerik di nò bagay sa-a pi grav. Moun yo se achete epi voye jete. Nou déjà wè si 2 peyi sa yo: lachin (chine) ake lend (Inde) ape fè tankou lamerik di nò. Nou mèt di 21 ème syèk la se dènye nape viv.

Marc Sévère, Oktòb 2013
Par Marc Sévère
5 oktòb 2013
Atik sa-a, se kontribisyon nou nan devlopman lang kreyòl-la.