Rebwaze yon peyi; ki sa, sa vle di?

        Pye bwa nan yon peyi se yon nesesite pou moun kape viv nan peyi sa-a. Menm jan yon moun paka viv yon kote ki pa gen dlo, e byen pyebwa-a genyen yon wòl trè enpòtan nan la vi moun tou. Fòk kote moun ape viv li gen pyebwa. Si nou gade de twa vil an nayiti, genyen ki pa pwèske gen pyebwa. Vil Okap se yonn nan yo. Moun yo rache pyebwa yo pou yo bati kay. Mòn yo ki antoure vil la, yo debwaze yo pou plizyè rezon. Ou byen yo koupe pyebwa yo pou fè chabon, ou byen pou mete tout sòt abitasyon, kay an beton, kay pay, kay tòl…
        Konnouyè-a Ayiti rive nan yon kalfou, si pa gen de mezi ki pwan pou fwennen debwazman sa-a. Tout moun ape blije vole gagè ale chèche la vi yon lòt kote. Mwen pa kwè se sa nou ta vle. Men nou nan chimen-an. Se pa milye ayisyen ape pwan avyon, bato, apye tou, pou ale viv nan peyi Chili, nan peyi Canada, an Dominikani, nan peyi etazini…
        Li vin ijan, pou fè yon rebwazman pou peyi sa-a, ki dwe twouve yon solisyon dirad a pwoblèm anvirònman-an. Rebwazman pa vle di rebwazay. An nayiti nou fè anpil rebwazay. Sa nou remake, plizyè fwa nan peyi dayiti, yo fè rebwazman. Nan tout depatman, te gen mobilizasyon pou fè rebwazman. Men lè nou gade, bagay yo vin pi mal. Anvirònman-an kontinye ape degrade. Poutan, anpil lajan depanse, anpil resous gaspiye. Se pou sa fòk genyen planifikasyon, pou nou konprann byen sa nape fè (aktè yo) e fè lòt moun yo konprann, ki sa rebwazman ye. Pou ki sa nou ape fè rebwazman-an.
        Rebwazman vle di plante ou byen replante yon zòn ki pa gen pyebwa. Men fòk ou ba plant sa yo swen pandan yon sèten tan apwe ou fin mete yo nan tè. Se lè yo fin grandi, yo kapab kenbe kò yo, lè sa- ou kapab pale de rebwazman. Anplis fòk yo gen pwotèksyon lè gen move tan, siklòn.
        Ayiti se yon peyi ki bezwen yon pwogram rebwazman tou swuit. Se pa yon bagay ki pou fèt san yon planifikasyon. Yon planifikasyon ki pou pwan an kont bezwen peyi-a, karakteristik peyi-a. Gen yon seri aspè, yo pa dwe neglije yo, rejyon yo, sitiasyon ekonomik moun yo, wout ki nan zòn nan, aspè kiltirèl, aspè relijye, tradisyon yo, mantalite yo…
        Sòl la kapab fè yon rebwazman natirèl san entèvansyon lòm. Depi kondisyon klima pwopis a sa. Rebwazman sa-a aprale pwan anpil tan. Ayiti pa kapab pèmèt li yon tel solisyon. Rebwazman ki pou fèt nan peyi-a mande anpil aksyon. Fòk yo mobilize anpil moun, anpil resous, anpil lajan.
        Yon pyebwa trè enpòtan pou la vi sou tè-a. Li jwe yon gran wòl nan fonksyònman ekosistèm nan, (yon ekosistèm se tou sa ki nan anvirònman-an, ki pèmet la vi ape kontinye, egzanp : sòl la, dlo yo, pyebwa yo, solèy la, klima la, animal yo kape viv la-a : moun ak bèt, lè-a yo ape rèspire-a, elatriye… tout bagay sa yo, yonn depann de lòt la). Pyebwa nan yon ekosistèm jwe yon wòl enpòtan. Se pyebwa yo ki pwan kabòn nan ki nan la nati-a pou li transfòme li an pwodwi solid e itil tou. An nou gade fèy yo, fwi yo, bwa yo, elatriye… se pyebwa yo ki ban nou resous sa yo. Answit, yo gen yon wòl nan pwodiksyon e nan fonksyònman dlo-a tou. Non sèlman li fè lapli tonbe pi souvan, men tou, li ale chèche dlo la ki anba tè-a pou li mete yon pati nan atmosfè-a, ki fè nou santi yon ti lafrechè de tanzantan.
        Lè nou ape gade tout bagay sa yo, nou wè san pyebwa pa kapab gen la vi yon kote. Se sa ki esplike tou, nou dwe konpwann enpòtans yon pyebwa nan yon anvirònman. Koupe yon pyebwa pou nou jwenn yon ti lajan pou nou kapab manje yon jounen, men plante yon pyebwa kapab ban nou manje tout vi nou. Se pou sa REBWAZMAN trè enpòtan nan yon peyi. Se tout moun ki pou konpwann sa. Se pa zafè yon ti gwoup moun. Koupe pyebwa san ou pa plante lòt se detwi anviwònman-an ki pèmèt ou viv la.
        Pou fè rebwazman fòk ou gen yon pwogram ki li menm vize yon objèktif. Ou kapab fè rebwazman pou remete la vi nan yon sòl ki pèdi tout vitalite li paske yo detwi tout vejetasyon ki te la-a. Sa vle di ou vle replase sistèm ekolojik zòn sa-a. Ou kapab fè rebwazman nan yon sòl pou twouve yon solisyon pou rezoud pwoblèm manje ki nan zòn nan. Ou kapab fè rebwazman pou rezoud yon pwoblèm resous natirèl, egzanp, yo mete pyebwa ki prale pwodwi bwa (akajou) ou byen ki prale sèvi kòm matyè premyè (vetivè).
        Fè rebwazman, sa mande yon pweparasyon. Fòk sòl la prepare. Fòk moun yo ki prale patisipe nan rebwazman, fòk yo resevwa yon fòmasyon pou yo wè enpòtans sa yo prale fè-a epi pou yo konnen kòman pou yo aji avan, pandan, apwe rebwazman. Ou kapab plante yon milyon pyebwa, epi yonn pa pouse, paske yo pa jwenn swen, ou byen bèt manje yo ou ankò moun ki fin plante yo-a koupe yo pou rezoud pwoblèm yo, la mizè pa dous. Siklòn ak inondasyon se lènmi tout ekosistèm ki pa gen pwotèksyon.
        An plis rebwazman pèmèt rezoud kèk pwoblèm ki patikilye a yon zòn ou byen a planèt tout antye. Li bay posibilite pou konbat rechofman klima-a, li konbat polisyon, li pèmèt anvirònman rete stab. Se pou sa LONI (ONU) te mande an 2008 pou chak moun sou planèt plante yon pyebwa. Rebwazman tankou tou sa nou vle reyisi nan yon kominote, nan yon peyi tou, li pa ka fèt san disiplin, san òganizasyon. Se ake yon plan a lon tèm, byen prepare, rebwazman-an ape vin solid e dirab.

Marc Sévère, Février 2018