Atik pibliye an kreyòl pou sansibilize Ayisyen sou pwoblèm anviwònman-an

Klima-a ape vin pi cho, sa se yon gwo danje pou la vi sou la tè

Nan sièk sa-a nou ape viv la-a, sa ki pi enpòtan pou lòm se kontwole GES yo (Gaz à Effet de Serre). Yon moun pa dwe ape viv kounou yè-a pou pa eseye konnen sa bagay sa yo vle di. Pou ki sa ? Paske ignorans nou, kapab kondwi nou, yon kote kape fè nou detwi pròp tèt nou.

Chak ane nou lache nan atmosfè-a pi plis gaz a efè de sè (GES). Ki sa ki rive lè nou fè sa ? nape brize yon ekilib ki egziste nan la nati, kouch gaz ki kouvri la tè-a ogmante. Sa vle di gen mwens chalè ki ale nan lèspas.  Lè la tè ape vin pi cho, konsekans yo pa piti. An nou eseye wè ki sa efè de sè ye ? Efè de sè-a se pa lòm ki envente li, se yon fenomèn natirèl li ye. Planèt nou an beswen li pou la vi kapab kontinye egziste. Efè de sè-a se yon kouch gaz ki kouvri la tè e ki fè tout chalè-a pa kapab ale nan lèspas, li pèmèt tanperati-a rete nan yon degre ki fè la vi kapab kontinye la.

Tout chalè la tè genyen-an se solèy-la ki bay li. Men la tè pa gade tout chalè sa-a, li renvwaye yon pati nan lèspas e li gade yon pati. Pati li gade-a se gras a efè de sè-a ki pèmèt li gade pati sa-a.  Se sa ki fè tanperati  mwayèn la tè ape tounen  tou tan otou de 15 degre santigrad. Si efè de sè-a pa te genbe ti chalè sa-a. Tanperati mwayèn la tè tape tounen otou de -18 degre santigrad. La vi jan li ye la-a pa tap posib ak kalite tanperati konsa. Planèt Mas pa gen efè de sè. Chalè, solèy la voye sou li pa sèvi li anyen, se sa ki fè tanperati mwayèn li se tou tan -50 degre santigrad li ye. Pa kapab gen la vi nan kondisyon konsa. Nap note pou lèktè yo : la Tè pi pre soley-la, Mas pi lwen, planèt ki pi pre yo resevwa plis chalè. Se sa ki explike tou sezon yo, lè la Tè pi pre solèy la, li fè pi cho, se lete.

Fenomèn natirèl sa-a kenbe yo ekilib ki pèmèt la vi devlope. Men tou, si ekilib sa-a brize, sa reprezante yon gwo danje. Koman ekilib sa-a kapab brize ? e ben, se lè nou pa kapab kontwole kantite gaz nape lage nan atmosfè-a. Gaz sa yo rele Gaz a efè de sè (GES), se yo ki prale detwi ekilib sa-a. Lè tout gaz sa yo ale konsantre nan atmosfè, efè de sè vin ranfòse, li kapab gade plis chalè sou la tè. Planèt Venus se yon egzanp, planèt sa-a tèlman gen gaz kabonik nan atmosfè li, tanperati mwayèn li tounen otou  de 450 degre santigrad. Nou wè sa sa vle di si nou kontinye ape lage gaz a efè de sè nan atmosfè-a. Pare pa pare lantèman pou 4 è, tout moun prale nan lanfè.

Gaz a efè de sè (GES) yo nou pi konnen yo se ; nou gen vapè dlo, li menm se chalè ki fè dlo evapore li tounen gaz ;  nou gen gaz kabonik, sa-a li menm se petròl, se chabon ki plis pwodwi yo ; nou gen azot se pwodwi chimik yo itilize nan agrikilti ki lage gaz sa yo ; nou gen gaz metan yo itilize pou pwodwi petròl, chabon tou, nou gen gaz fluò yo nou jwenn yo nan frijidè, e nan aparey pou flite yo. Gen lòt toujou.

La tè komanse ape vin pi cho depi sa yo rele  « Révolution industrielle » -la komanse, nan lane 1750 yo. Nan 21è sièk sa-a, yo prevwa rechofman-an kapab akselere. Deja nou wè nan latik glas yo fonn pi vit, nan karayib la, lan mè-a ape pran plis plas. Gen de peyi yo di chak moun pwodwi 10 tòn gaz kabonik chak ane tèlman yo ape konsome nètalkole.  Gen lòt moun menm depi yo kapab fè lajan yo pa bezwen konnen sa ki  prale rive denmen, yo polye san gade dèyè. Li pa trò ta si nou chanje konpòtman nou e si nou pa vle kontinye ape viv ak je nou fèmen, tout bagay posib, nou kapab sove planèt-la.

Marc Sévère 28 septembre 2009

.
Par Marc Sévère
Atik sa yo nou pibliye yo an kreyòl, se kontribisyon pa nou nan devlopman lang kreyòl la