Atik pibliye an kreyòl pou sansibilize Ayisyen sou kesyon anviwònman-an

Jeoloji tranbleman de tè-a (Ki sa ki pase?) Atik sa-a se yon tradiksyon yon atik ki pibliye an franse nan Radyo Canada Atik la rele -Géologie du seisme Que s'est-il passé? -

 

Traduction de l’article de Radio Canada avec pour titre « Que s’est-il passé ? »

Géologie du séisme

Sources : ressources naturelles Canada

Jeoloji  yon tranbleman de tè

Ki sa ki pase ?

Le 12 janvye 2010 a 4 è 53, tè-a te tombe tranble tou patou nan tout antiy yo. Pa te gen okenn siyal ki di la tè, te prale tranble.

Tranbleman de tè-a te dire yon minit  li te gen fòs 7, li te fè tranble pati lwès lil Ispanyola.

Episant ki se kote tranbleman-an te komanse-a, li sitiye a 16 kilomèt de Pòtoprens. E li pa te trò fon nan la tè-a. Profondè li te 8 a 10 kilomèt de sifas sòl-la.

Lè tranbleman de tè-a konsa li frape yon pi piti sifas(territoire) men li pi fò, li fè plis dega.

Fay « Enriquillo » se li ki la kòz.

                Ou gen tranbleman de tè lè  « forces  géologiques » nou vle di yon seri de plak tèktonik ki ape frote yonn nan lòt nan dirèksyon kontrè. Kote 2  plak rankontre sa rele Fay. Lè 2 plak ape frote, Fay yo fè yon rezistans antre yo. Men kan resistans sa-a sede se tranbleman de tè tout swit. Sa se explikasyon yon sismològ ki rele Maurice Lamontagne te bay.

                Jeològ ki rele Michael Blanpied de US Geological Survey te di nan ka Ayiti-a se fay "Enriquillo" ki travèse lil dayiti de lès a lwès ki responsab katastròf sa-a an nayiti.

                Fay sa-a Expè yo konnen li byen. Se li ki separe plak karayib-la ak plak nòameriken-an. Se yon fay « separasyon » ki mezire 500 kilomèt. Li soti depi Dominikani e li ale jamayik. Selon sa yo ta di fay sa-a fraktire sou 50 kilomèt se saki fè tè-a te tranble. 3 milyon moun te touche sou 50 kilomèt sa-a.

                Te gen plis pase 40 replik yo te konnen ki pa toujou menm fòs. « fòs yon tranbleman de tè rele "magnitude" an franse ».

                Le 20 janvye 8 jou apre tranbleman de tè 12 janvye-a, te gen yon gwo tranbleman de tè, fòs li se te 6,1, li te fèt a 6 è di maten. Episant li te sitiye Petit-Goâve, 42 kilomèt nòwès de Jacmel.

                Sismilòg yo di tou, replik ki prale vini yo prale pi fèb. Sa ki enpòtan, tranbleman de tè sa-a te fèt sou tè fèm, si li te fèt nan lan mè se yon tsunami li ta prale fè.

                Krout tèrès-la se yon kouch wòch ki nan sifas tè-a, se nan yo ou jwenn kontinan yo ak oseyan-yo.

Tradiksyon Marc Sévère 20 février 2010

               

                 

.
Par Marc Sévère
20 février 2010