Pa jete fatra yo

        Pa kite fatra anpwazone vi nou, li lè, li tan pou nou sèvi ak fatra yo, pou nou fè yo itil a nou menm. Nou remake, nan epòk kon nou ye-a, kesyon jere fatra-a nan yon peyi prezante yon lòt fason. Nan tan lontan lè yo di fatra, e byen sa te vle di jete, debarase, elimine… Apwe revolisyon endistriyèl la, bagay yo chanje. Nan syèk sa-a nou ye la-a. Fatra vin gen valè. Fatra se matyè premyè li ye. Se yon resous nou kapab explwate. Men ki sa ki pouse moun yo wè bagay yo yon lòt jan. Gen plizyè rezon pou sa :
Premye rezon-an, devlopman gran vil yo fè prèske pa gen plas pou mete fatra. Paske vin gen plis fatra, e fatra yo diferan.
        Dezyèm rezon-an, anpil fatra ape detwi anvirònman-an. Yo kontamine lè-a, sòl la, yo kontamine dlo yo tou anba tè-a. Fatra-a vin reprezante yon gwo danje.
Twazyèm rezon-an, Genyen yon richès nan fatra nou ape gaspiye, e lòt resous yo ape fini. Lòm ape fè sa li konnen pou yo kapab reyitilize sa yo te aprale jete-a.
Nan gwo peyi yo, Yo jwenn yon premye solisyon, yo boule fatra yo, men se pa nenpòt ki jan. Yo gen gwo ensineratè ki boule fatra yo san yo pa fè anpil dega. Lè yo ape fè operasyon sa-a, genyen lafimen ki soti nan chemine-a. Lafimen sa-a fè polisyon tou, men li pa fè otan de dega si yo te boule fatra-a a lè lib. Nan peyi pòv yo, tankou Ayiti, se konsa yo detwi fatra. Yo boule yo nan teren kote yo mete yo-a. Lè sa-a, lapousyè ak lafimen ape vole an lè, kouri tou patou. Malere ki abite tou pwe depotwa sa yo tou pwan yo beny mikròb. Anplis, fason sa-a, yon boule fatra yo, pèmèt yo dekonpoze chimikman pi vit, sitou sa yo ki pa fin boule konplètman, konsa yo prale devlope anpil maladi.
        Tout bagay sa yo fè lòm ale chèche wè ki sa li ka fè ak fatra sa yo. Yo vin dekouvri "RESIKLAJ". Ki se yon lòt fason pou yo trete tou sa lòm prale jete. Ki sa resiklaj la ye? Resiklaj se yon pwosede pou ba tout pwodwi ki fin fè vi yo, ki paka sèvi ankò, pou twouve yon mwayen pou yo reyitilize yo an tou ou an pati. Nan peyi devlope yo, yo òganize resiklaj la ake anpil tèknoloji, anpil syans, anpil savwa. Yo fè li nan diferan etap ki se : rekiperasyon, triyaj, trètman, reyitilizasyon. Anplis gen izin ki parèt pou fè resiklaj sèlman, lè sa-a yo kreye anpil djòb.
        Resiklaj la, non sèlman li rezoud yon gwo pwoblèm ki se twouve plas pou mete fatra yo, men tou, li pote solisyon pou lòt pwoblèm ki la deja. Yo vin dekouvri, yo kapab pwodwi elèktrisite ak fatra. Anplis, resikle sèten materyo, polye atmosfè-a mwens, gen mwens gaz a efè de sè yo lage nan atmosfè-a. Lè yo resikle yon tòn kanèt aliminyum se 15 tòn gaz a efè de sè an mwens yo lage nan atmosfè-a.
An nou gade kon nou yè-a de twa pwodwi ki nan fatra, ki sa yo ka fè ake yo. Ou gen matyè òganik yo, pwodwi ki soti nan agrikilti, tankou po bannann, po patat, fèy ki soti nan pyebwa, moso bwa, rès manje… Answit yo soti tou nan animal yo tou. Yo kapab resikle yo pou ka fè Konpòs pou nouri tè jaden. Anplis yo kapab pwodwi elèktrisite ake yo tou. Pa bliye an nayiti ake fèy seche ki soti nan kann, nan bannann e nan plizyè lòt plant, yo fè chabon ake yo, chabon sa yo pi bon pase chabon bwa-a. Yo bay plis chalè e yo dire pi lontan pou kwit manje.
        Ou gen matyè plastik yo, se yon katastròf, pwodwi plastik sa yo ape detwi oseyan yo. Genyen oseyan ki fèt an plastik tèlman kouran lan mè-a ale depoze tout yon sèl kote. Yo kapab resikle plastik la san pwoblèm. Yo kapab fè ban lekòl, ban pou mete nan plas piblik. Yo kapab refonn li pou fè lòt pwodwi tou nèf. Ou gen pwodwi an metal yo, pwodwi sa yo resiklab pi fasilman. Nou wè gen peyi ki achte tout vye moso fè, asye, aliminyum… pou yo reyitilize yo. Yo mete nan machin, nan avyon, nan plizyè lòt bagay. Sa fè anpil malere nan anpil peyi kapab viv. Yo ranmase sa gran nèg yo jete. Gen lòt ki riske vi yo, yo ale fouye nan depotwa yo, kote yo jete dechè yo. Se yon travay itil pou la sosyete men ki trè danjere pou sante yo.

 Ou gen pwodwi ki fèt ake vèr, tankou yon miwa, tankou vè ou bwè dlo, tankou boutèy yo e latriye. Vè-a ou kapab resikle li 10, 15, 50, 100 fois, ou kapab resikle li a lenfini. Sa vle di se yon pwodwi, vil yo te dwe atire atansyon tout moun pou yo mete li apa avan yo ramase li pou yo reyitilize li. Men fòk ta genyen izin pou fè trètman vè-a.
  Nou kapab pale de plizyè lòt pwodwi, tankou pwodwi elèktronik yo, materyo de kontriksyon yo, papye… resikle papye sa vle di sove anpil pyebwa. Tout pwdwi sa yo kapab resikle, men se leta ake tout moun ki pou pran dispozisyon pou fè travay sa-a. Sitwayen yo dwe pou pi vijilan, paske se yo ki prale sibi konsekans yo.
 Sa tout moun dwe pou konnen kon nou yè-a, lè yo jete fatra yo e si pa genyen mezi ki pran pou valorize fatra sa yo, e byen, yo prale dekonpoze kote yo ye-a. Lè fatra ape dekonpoze, li dekonpoze chimikman. Sa vle di yo prale libere yon kantite sibtans ki trè danjere pou la sante. Sibtans sa yo, yo prale anpwazone sòl la, yo prale anpwazone lè-a nou ape rèspire-a, yo prale anpwazone dlo kape sikile anba tè-a. Se konsa maladi prale miltipliye. Dapwe espesyalis yo, genyen yon mikrob ki soti nan dekonpozisyon pwodwui sa yo, yo rele (lixyviat) ki bay plizye maladi tankou tronboz, anemi, fyèv tifoyid, disantri, kolera, epatit ak anpil lòt vye maladi.
        Kon nou yè-a, se pa jete fatra sèlman ki pou prensipal sousi nou, an nayiti fòk nou mande ki sa nou kapab fè ak fatra sa yo, fòk nou ranmase yo, epi trete yo, pou nou kapab sèvi ak yo yon lòt fwa. Konsa nape kapab evite, pwoblèm fatra-a vin pi grav denmen.
        Resikle sa vle di pwoteje la nati, ape gen plis pyebwa, dlo kape koule nan rivyè yo ape pi pwòp e lè nape respire-a ape pi bon pou sante nou. Gen yon pawòl anpil moun ape di, moun ki renmen la nati, ki remen viv kote gen anpil pyebwa, moun sa yo viv pi lontan.

Marc Sévère, Octobre 2017