Enèji renouvlab, se limyè, se Libète

Nan peyi Dayiti, depi lontan gen yon kriz enèji ki pa epagne pèsonn. Tout moun, de yon fason ou yon lot, ape subi anpil pwoblèm, le fèt yo paka jwenn kouran pou regle zafè yo. Antreprenè yo, moun ki genyen antrepriz gen gwo pwoblèm, paske chak jou kouran ape koupe e yo konn pase plizyè jou san kouran. Pwoblèm sa-a menaj yo genyen li tou.
Moun ki gen mwayen yo, yo chèche gen otonomi yo sou kèsyon enèji. Antrepriz yo fè enstale gwo jeneratè pou pwodiksyon yo pa kanpe. Sa koute yo trè chè. Menaj yo menm fè enstale invètè. Sa-a li menm tou pa bon mache.
Kounou yè-a, nou tande yo ape pale de enèji renouvlab nan le mond antie. Gen de peyi menm ki depanse anpil lajan pou fè anpil rechèch sou enèji renouvlab la. An fèt gen anpil pwogrè ki fèt.
Nan lane 2010, yo di 13% enèji nan lemond se te enèji renouvlab. Yo vle pou lane 2030 yo rive a 30%. Pou nou bay yon tablo kóman yo pataje 13% sa-a. 10% se byomas, 2,3% se idroelèktrisite e 1% se solèy ak van (eolyen). Pou nou di an pasan apa enèji renouvlab-la kite konstitiye 13 % nan pwodiksyon elèktrisite-a, rès la yo te pwodwi li ake gaz 68% epi ak enèji nikleyè 11%.
Ki sa enèji renouvlab la ye? Enèji renouvlab la pote non li. Se la nati ki bay-li, se solèy la, se la tè ak sa li gen ladan-li, dlo, pyebwa, chalè… Eleman sa yo, avantaj yo, ou kapab renouvle yo fasilman e rapidman, anplis yo di, yo pape janm fini.
Men diferan sous enèji renouvlab nou genyen : Byomas, Idro, solèy, epi van (eolyen)
Byomas se sa nou jwenn nan matyè óganik yo : vejetal, animal, chanpiyon. Pwodwi sa yo, yo konsidere yo kóm dechè, apa bwa-a nou fè chabon bwa ak li. Yo transfóme dechè sa yo ak dife ou byen ak pwodwi chimik. Chabon bwa fè pati de enèji renouvlab tou, lè yo byen jere li. Lè li pa byen jere nou pape gen pyebwa ankó e nape detwi anvirónman-an tou. Byomas la yo itilize li pou chofe kay e pou kwit tou. Li bon tou pou devlopman nan zón yo yo itilize li, paske li kreye travay, anpil djob.
Enèji idrolik la se sa nou jwenn nan dlo-a. Yon dlo kape desand nan yon rivyè li gen yon fós ladan-li. Lè yo kapte dlo sa-a, yo kapab konstwi gwo baraj. Fós dlo-a prale fè woule gwo tibin ki gen jeneratè pou pwodwi elètrisite. Se konsa yo ba anpil gran vil limyé. Nan tan lontan, yo te konn itilize fós sa-a pou lót bagay tankou fè roule gwo moulen, machin pou tise, tou sa avan te gen elètrisite.
Enèji solè se sa nou jwenn nan solèy la. Enèji sa-a trè enpótan paske se li ki bay la vi. Men pou le moman sa ki enterese nou se enèji solèy la bay, nou menm kapab itilize li pou bezwen nou. Reyon soley la ban nou chalè e se chalè sa-a lóm prale pran pou transfóme li ou byen an mouvman mekanik ou byen an elèktrisite.
Enèji eolyen (van) se sa nou jwen nan lè-a. Se lè gwo mas lè-a ape deplase li pwodwi yon fós ki se van e van sa-a lóm prale pran pou fè roule yon seri de gwo pal pou pwodwi elèktrisite. Yo kapab itilize enèji sa-a tou pou fè lót bagay tankou fè gwo ponp mache, se van ki fè vire gwo pal yo pou ponp la voye dlo nan lót zón. Ou jwenn sa nan peyiba (Hollande) sitou. Li fè vire moulen pou broye grenn ble nan plizyè peyi.
Si nou gade byen, peyi nou-an, Ayiti gen anpil enterè pou li antre nan pwodiksyon enèji renouvlab. Paske enèji fosil yo : chabon, petról, gaz natirèl nou pa genyen yo, anplis yo koute tró chè pou voye achte yo a letranje. Enèji nikleè yo, nou pa gen ni jizman, ni tèknoloji, e se gwo lajan yo koute. Men yon lót bó, enèji renouvlab-la Ayiti trè byen plase pou itilize li. Nou konsome anpil chabon bwa, se deja byen, men nou pa byen jere pwodiksyon-an ak konsomasyon-an. Pou byen itilize chabon bwa-a, fók ou plante plis pyebwa pase sa ou koupe. Si jodi-a nou gen pwoblèm se paske nou fè le kontrè.
Enèji solè-a, si yo te kapab vann solèy, Ayiti tape rich. E byen nou kapab itilize solèy la pou fè anpil bagay. Kwit manje ak chalè solèy la, se yon teknoloji ki a la póte de nou. Eklere yon kay li posib, mete limyè nan la ri li posib. Chofe dlo li posib. Se vre pano solè yo koute chè. Men sa ape vini, chak ane pri yo ape bese.
Si nou pran sa yo rele enèji eolyen-an, enèji ak van-an. Si yo te ka èxpóte van, nou tap yon peyi devlope. Nou gen van e nou gen bon jan van. Se yon tèknoloji kipa koute bon mache. Men si nou diminye nan achte gazolin a letranje nou ape twouve lajan pou nou envèsti pou enstale kèk pak eolyen e konsa nou kapab pwodwi kouran pou alimante ti antrepriz nou yo. Answit nou kapab itilize van nan lót bagay. Se gras a van si Christophe Colomb te kapab vin an nayiti. Nou kapab kontinye itilize li pou fè ti bato nou yo mache, fè komès antre vil yo ak vilaj yo.
Enèji idroelèktrik-la, nou gen yon baraj idroelèktrik deja, se Peligre, se yon sous enèji ki trè enpótan. Se antretyen pou nou fè. Fók nou fóme bon tèknisyen ayisyen pou kimbe baraj an éta pou li pa kanpe. Dlo ka fè tounen yon moulen tou. Nou pa gen anpil rivyè e sa nou genyen yo, yo konn pa gen dlo lè gen sechrès. Men nou kapab explwate yo si nou vle.
Yon dènye enèji, nou vle pale de li, se enèji animal-la. Nou kapab itilize fós animal pou pwodwi anpil bagay tankou alkól, siwo e latriye. Cheval, bèf, bourik kapab itilize nan transpó machandiz, vire moulen pou bwoye kann. Men fók animal sa yo byen trete, fók yo byen manje, fók yo gen bon swen sante, fók yo pwoteje yo kont move trètmen. Li pa enteresan lè ou wè de (2) malere ape pouse yon bourèt chaje ake sak diri, yo ape monte món kalvè. Malere yo swe, yo about. Ti sa yo prale touche-a pa menm ka bayo manje, voir pou pitit yo ak madanm yo. De cheval byen nouri ak zèb, tape fè travay sa pi byen.
Li lè, li tan pou nou wè bagay yo yon lót jan. Pou nou pa kite enterè pèsonèl ap kontinye gide nou. Nou dwe panse pou nou aji nan enterè peyi an nou.
Marc Sévère, octobre 2015