Karakl : Siks ekonomik ou byen katastrf ekolojik?

        Depi klke tan, nou tande yape pale de Pak endistriyel nan zn Karakol. Gen anpil rechch ki ft, gen anpil atik nan jounal yo ekri e gouvneman peyi dayiti f anpil piblisite tou kom si karakl te deja reyisi. Men sa nou remake, moun yo ki konsne yo, yo pa te okouran ditou. Se le gwo konpayi rive ak gwo trakt yo, yo kmanse ape koupe pye bwa, yo ape mezire teren, moun yo nan zn nan ape mande ki sa ki pral genyen. Menm otorite nan zn nan paka di anyen paske yo pate konnen tou. Tout moun se rete gade.

        Nan fen lane 2010, gouvneman ayisyen ak gouvneman ameriken siyen yon ak pou reyalize pwoj sa-a nan Karakl nan kad yon lwa ameriken ki rele (HOPE). Li sanble otorite ayisyen pa te janm konsilte psonn nan zn nan pou konnen ki sa yo panse de pwoj sa-a. Jis kon nou y-a, psonn pa konnen pou ki sa yo te choizi zn sa-a pou mete pak endistriyel la. Men sa nou kapab di e ki kl, ni kote ayisyen, ni kote ameriken, ni BID (Banque interamricaine de dveloppement) ki yon patn tou, rezon yo ki f yo plis choisi zn sa-a, se rezon ekonomik sitou. Envestis yo kapab w fasilite, di ft yo pwch mache ameriken-an, an menm tan tou yo pwch ladomikani ki kapab bayo sip teknik yo pap twouve an nayiti. Gouvneman ayisyen, b kote pa li kapab w posibilite pou mete travay nan peyi-a, an menm tan yo tou di yo ape f desantralizasyon. Ayiti bezwen sa tou.

        Nan moman nou ape pale la, travay yo ape avanse seriezman. Yo komanse ape anboche moun pou ale travay nan izin yo. Anpil travay deja gen anpil espwa pou yo kapab twouve yon jb. Dapre sa yo di 2000 moun deja voye mande pou yo jwenn yon ps. Envestis yo pwomet pou yo kreye 20.000 jb tou swit , apre sa, yo prale kreye 60.000 lt jb. An nou di, se sa Ayiti bezwen. Se sa ki explike prezidan peyi ape kouri mache kriye tou patou pou li di Ayiti ape dekole . A la bl sa ta bl si sete vre.

        Yon lt b, gen anpil rl pou di woy! se peyi-a ki prale detwi ak pak enditriyel sa-a . Paske pwoje sa-a pa janm teni kont de kessyon anvironman-an. Gen ti jef ki ft nan sans sa-a men se pa sifizan. Rechch yo montre konsekans ki pral genyen sou anviwonman-an l izin sa yo komanse ape fonksyone. Premye bagay yo w, l izin sa yo komanse ape itilize pwodwi chimik pou kolore twal yo, yo prale lage dech yo nan lan m-a. Bagay sa yo prale detwi mangrov yo. Mangrov yo stabilize klima zn nan, anpil zwezo vini la e an plis, zn nan pwodwi anpil pwason tou. Answit, yo prale pwodwi elektrisite ak mazout, mazout la prale pwodwi dech toksik, ki kote yo prale lage dech sa yo? Eske se nan lan m-a? Si se sa yo f, yo prale detwi sistm ekolojik rejyon-an nt. Lt konsekans, Yo prale blije ponpe 6.000 mt kib dlo chak jou pou bezwen izin yo. Ayiti dlo-a se anba t li ye, se yon resv ki pa renouvle vit sitou si pa gen la pli, sa prale mete an danje resous sa-a. Yo dnye pwen se bidonvil ki prale part nan zn nan. Anpil moun prale dirije yo kote Karakl pou yo kapab twouve yon ti jb. L sa-a fk yo jwenn kay pou yo rete, yo prale bati kay yo ak moso katon, moso bwa pou yo kapab pare lapli. Ou deja w ki sa sa prale bay kom rezilta. Kay sou kay, moun sou moun, sa ape bay yon lot site soley.

        Si nou gade dy, nou prale w zn sa-a te deja yon zn endistriyl. Sa pa gen lontan, te gen yon gwo konpayi ki te rele La Plantation Dauphin ki te enstale non zn Nds la. Li te f kilti sizal e li te pwodui pit. Li te xpte pwodui sa-a nan peyi etazini. Nan epk sa-a, te gen anpil travay ki tape travay la. Anpil nan yo te nan chan e anpil lt te nan izin yo ki te Phaton ak Drac. Tou sa te f ekonomi rejyon byen. 2 fwa pa senmenn, te gen gran mache, machann soti tou patou nan peyi-a vin vann. Lajan tape sikile. Men yon lt b, anviwonman-an te kmanse ape degrade. Anpil bidonvil te part e nan move kondisyon. Kay pay, kay t, kay tl, kay katon monte yonn sou lt. Answit plant sisal yo pa te fin bon pou t agrikl yo nan zn nan. Pwodwi chimik yo, yo te itilize pou netwaye e transfme pit la yo jete tout dech sa yo nan lan m-a.

        Fk nou remake nan moman sa-a, yo pa te konn pale trp de pwoblm anviwonman. Nan lane sa yo se te miz tout moun te w, ki te veritab pwoblm nan. Tout moun te kw pou konbat la miz, solisyon-an se devlopman ekonomik. Se sa ki f te gen yon bann peyi ki lage k yo nan devlopman kraze brize san yo pa chche konnen konsekans yo. Ayiti se te yonn nan yo. Kapitalis la te f tout moun kw tou, depi gen lajan yon kote, tout bagay OKE. Pa te gen anpil moun nan lemonn ki te bezwen konnen dlo yape bw-a ki kote li soti, ni si yo dwe pwoteje li. Pa te gen anpil moun ki tape chche konnen l-a yo ape rspire-a si yo dwe pwoteje li.

        Men l konpayi Plantation Dauphin dispart, pwoblm yo vin pi grav. Non slman la miz vin pi di, pwoblm anviwonman vin part tou. Nan pwen t pou f lagrikilti. Twouve yon gode dlo pate fasil. Zn nan vin tounen yon dez.

        Jodi-a, nan lane 2012, tout bagay sa yo dwe svi nou de leson. Si Ayisyen konprann se voye monte san reflechi, san gade dy, e byen nou prale pedi peyi sa-a. ske Ayiti kapab di li pa bezwen yon Pak endistriyl? Ayiti pa kapab pedi chans sa-a e zn n-a non plis. Gen lt kote ki pa konnen ki sa yo ta bay pou yo jwenn yon pak endistriyl. 20.000 anplwa se pa yon jwt, ake yon pspktiv de 60.000 nan 5, 10 zan. Ayisyen dwe kon nou y-a aprann e kapab konn defann enter yo, nou vle di enter payi dayiti. Se yon okazyon pou nou montre Ayiti se yon peyi e li gen moun pou defann li. Sispann w enter psonl nou kan nou dwe defann peyi nou.Nou pa dwe pedi chans sa-a. Fok nou goumen pou pak endistriyl pa chape anba men nou. Nou kapab rezoud pwoblm anviwonman yo si nou renmen peyi nou. Renmen peyi nou pa vle di mache repete tou tan "Ayiti cheri". Non, se l nou goumen pou ayisyen ki ape viv nan peyi-a viv nan bon kondisyon: yo kapab jwenn travay, yo jwenn lekol, yo jwenn kay pou yo rete, yo jwenn swen sante...

        Popilasyon-an dwe mobilize pou f leta ayisyen pran responsabilite li. Pak endistriyl la pa kapab ft nan nenpt ki kondisyon. Pwoblm anviwnman-an se enptan, nou pa kapab ignore li. Anpil rechch deja ft pou zn Karakl la. Fk yo mete an naplikasyon tout rekmnadasyon yo. Leta prale di li pa gen kb, se vre leta kapab pa gen ase lajan pou f sa ki dwe ft. Men leta kapab f sa pa, konpayi dwe f pa yo tou e polilasyon-an li menm tou dwe pote kontribisyon kina li tou.

Gen anpil bagay ki dwe ft pou sove anviwnman-an. Fk yo mete izin pou f resiklaj nan zn nan ou pi lwen. Fk yo mande konpayi yo pou yo desale dlo lan m-a pou sten izaj olye ke yo ponpe dlo anba t-a ki kapab svi pou konsomasyon moun yo. Izin yo kapab itilize le mwens posib mazout la pou pwodwi elktrisite, gen lt fm enji; soly, eolyen. Km BID (Banque Interamricaine de dveloppement) pwomt pou li bati bl kay pou travay yo. Leta ayisyen dwe panse a yon plan ibanis pou zn nan ak la ri byen trase, sistm egou, distribisyon dlo, limy... e menm mete sou pye yon plan imigrasyon pou evite yon debdeman popilasyon.

        Konpayi dwe peye yon tax pou anviwnman. Tout konpayi ki pa vle aksepte kondisyon leta pou pwoteje anviwnman-an pa gen plas li nan Karakl. Pou sansibilize e edike moun yo nan zn nan sou kessyon anviwnman-an, tout travay dwe peye yon tax sou chak py, menm si se 5 goud pa py.

        Nou mt di Karakl posib e li kapab yon siks ekonomik ki kapab svi yon model de devlopman pou tout lt rejyon nan peyi-a ki ta vle gen yon pak endistriyl. Se leta ayisyen ki pou pran rsponsabilite li pou pwoteje anviwnman peyi-a, pwoteje travay yo pou yo gen bon kondisyon de travay e sitou pran mezi ki neses pou demen nou pa di si nou te konnen.

Marc Svre 8 avril 2012